𝗞𝗟𝗘 đŸ±đ—˜đ—Šđ—žđ—˜ đ—Ș 𝗕𝗬𝗘𝗡 đ—Šđ—˜Ì€đ—©đ—œ 𝗔𝗞 đ—§đ—˜đ—Ÿđ—˜đ—™đ—ąÌ€đ—Ą 𝗞𝗜 𝗡𝗔𝗡 𝗠𝗘𝗡 đ—Ș 𝗟𝗔𝗡 ??

Selon sa w pral fĂš a telefĂČn nan kapab yon bon zanmi pou ou e yon Ăšnmi pou ou tou.

Nou tout konnen sa telefĂČn reprezante nan moman yo la, jan telefĂČn nan mennen nou pre de yon moun ki lwen. Nan ka antrepriz yo, biznis yo li pĂšmĂšt ou toujou konekte ak klye e bay klyan an enfomasyon ke yo ta ka bezwen.

𝗞𝗜𝗝𝗔𝗡 đ—§đ—˜đ—Ÿđ—˜đ—™đ—ąÌ€đ—Ą 𝗡𝗔𝗡 𝗞𝗔𝗣𝗔𝗕 𝗕𝗱𝗡 𝗭𝗔𝗡𝗠𝗜 đ—Ș ?

TelefĂČn nan se yon bon zanmi paske :

‱ Li rapid, li ede w trete yon ka, yon dosye ki ijan e evite depanse.

‱ Li bilateral e enstantane, kesyon repons fùt pi fasil e li edew bay plis detay nan yon ti kal tan.

‱ Li avùg, ou pa nan makiye, ni met kravat pou fù yon apùl.

‱ Li senp, tout moun kapab sùvi ak li e san limit.

‱ Li vivan, ou kapab rektifye, adapte e anplifye saw gen pou fù yo.

‱ Li prioritù, avan tout bagay.

𝗞𝗜𝗝𝗔𝗡 đ—§đ—˜đ—Ÿđ—˜đ—™đ—ąÌ€đ—Ą 𝗡𝗔𝗡 𝗞𝗔𝗣𝗔𝗕 𝗬𝗱𝗡 đ—˜Ì€đ—Ąđ— đ—œ 𝗣𝗱𝗹 𝗱𝗹 ??

TelefĂČn nan se yonn Ăšnmi paske :

‱ Li Pa kite tras, tankou si se mesaj kouryùl, not, e konfimasyon.

‱ Li avùg, sa vin fù ke ou dwe gen yon entonasyon nomal, langaj ou dwe koutwa, li dwe reflete yon plezi lù wap pale.

‱ Ou dwe toujou raple nom w

‱ Li enpresi, fok ou toujou ap verifye sa w di moun nan, raple moun pou ka evite tout malantandi.

‱ Li egzijan, fow prepare saw pral di, toujou gen dokiman w la anba je w.

‱ Li pafwa koute nan tante rakousi antretyen yo si gen mwayen ki pi fasil pou sa realize.

𝗞𝗱𝗠𝗔𝗡 𝗣𝗱𝗹 đ—đ—˜đ—„đ—˜ đ—§đ—˜đ—Ÿđ—˜đ—™đ—ąÌ€đ—Ą 𝗡𝗔𝗡 :

⁃ LÚ w konnen ou pap disponib, toujou kite yon nimero pou yo kapab jwenn ou low retounen.

⁃ Pa jan dekroche yon apÚl tankou son moun fatigue.

⁃ LĂš wap reponn yon apĂšl, toujou prezante w dabĂČ pandan wap mete prenon ou avan siyati ou.

⁃ Rele moun yo nan prenon yo tankou (Mesye Clauvenson).

⁃ Respekte pwomÚs ou yo, lÚ w di w ap fÚ yon bagay pou klyan an, fÚl nan lÚ ke w di w ap fÚ l pou li a. Si ta va gen yon enkonvenyan rele klyan an.

⁃ Si gen yon moun kap reponn telefĂČn pou ou lĂš w pa la, kite tout enfomasyon ke moun sa ap bezwen sou potansyĂšl klyan ou a.

Laisser un commentaire

Créez un site Web ou un blog gratuitement sur WordPress.com.

Retour en haut ↑

Concevoir un site comme celui-ci avec WordPress.com
Commencer