đ—„đ—Č𝗳đ—čđ—Čđ—žđ˜€đ˜†đ—Œđ—»

đ— đ—¶đ—°đ—”đ—Čđ—čđ—čđ—Č đ—„đ—Œđ—Żđ—¶đ—»đ˜€đ—Œđ—» đ—Č𝘁 𝗕𝗼𝗿𝗼𝗰𝗾 𝗱𝗯𝗼đ—ș𝗼.

Avan mwen ale pi lwen de sam pral di yo la banm fon kout istwa pou nou.

Nou konnen 2 grand pĂšsonaj anblematik sa yo, youn se Michelle Robinson e lot la se Barack Obama, yo rankontre nan kabinĂš avoka Sidley Austin, en 1989. Barack kom bon jĂšn jan envite fanm nan al nan sinema epi yo amoure jiska 1992 yo deside marye a chikago nan yon egliz ki rele : Trinity United Church of Christ.

Soti 1992 a 2022 sa bow 30 an sanm pa met tan yo pase depi nan rankont, fyansaj elatrye. Nan tan sa yo arive gen 2 pitit fiy.

‱ 𝗘𝘀𝗾đ—Č đ˜†đ—Œ đ—œđ—ź đ—œđ—źđ˜€đ—Č đ—șđ—¶đ˜‡đ—Č̀

Map komanse poum di nou avek koze rasis ki genyen nan mond la, sitou Obama gen orijin li nan peyi Kenya (Yon peyi nan kontinan afriken an), donk ou ka deja wĂš ke bagay yo pat fadil pou li, e nan entevyou ke ni madanm li, ni li menm tou deklare sa. Epi nan tout fanmiy depi gen kontak moun ak moun ap toujou gen priz de bouch (mezantant). Donk wi yo pase mizĂš

∙ đ—žđ—¶đ˜€đ—ź đ˜†đ—Œ 𝘁đ—Č 𝗳đ—Č̀ đ—œđ—Œđ˜‚ đ—źđ—żđ—¶đ˜ƒđ—Č đ˜đ—Œđ˜‚đ—·đ—Œđ˜‚ đ˜€đ—Œđ˜‚đ—±đ—Č đ—œđ—źđ—»đ—±đ—źđ—» 𝟯𝟬 đ—șđ—źđ—żđ˜†đ—źđ—· :

– Yo met Bondje avan tout bagay.

– Yo toujou pataje bonĂš fanmiy lan ki trĂš enpotan pou yo.

– Yo mennen yon vi senp.

– Yonn sipĂČte lot.

– Yonn respekte chwa lot san jijel.

– Pi gwo bagay la se ke yo PATAJE LANMOU YO SAN FOSE.

Sa kem tap di yo se kapab kesyon map poze tet mwen em ka oze poze nou yo tou petĂšt si gen yon eleman de repons na pataje ide yo :

– Nou gen anpil bon egzanp de relasyon dirab swa ki nan antouraj nou, oubyen nan telefĂČn nou ke nap gade chak epi nou paka pran egzanp yo mete an pratik, sak koz sa ??

– Eske se kĂČb nou pa gen ki koz sa ?

– Eske se satisfaksyon nou pa jwenn ?

– Eske sa nou tap atann de lot la se pa li nou jwenn ?

– Eske nou jis la poun pasi pala epi se tou ??

– Ki sa nou konte fĂš ak vi nou ?

Banm kite nou ak kesyon sa yo petÚt na réfléchi sou yo epi na eseye jwenn yon repons.

Credit Photo : @thecut

Credit Info : http://www.elle.fr

Laisser un commentaire

Créez un site Web ou un blog gratuitement sur WordPress.com.

Retour en haut ↑

Concevoir un site comme celui-ci avec WordPress.com
Commencer