ISTWA DAMOU

Clauvenson Jean-Baptiste

Istwa lavi m en Ayiti se tankou jan pwovèb la di a : MEN ALE, MEN VINI KI FÈ ZANMI DIRE. Mwen gen yon gran estim pou peyi m, achak fwa mwen wè yon moun ap mete l an pozisyon pou li denigre peyi m mwen santi m ta fè vyolans men BONDJE PA DAKÒ, EPI SA VYOLANS LAN AP ITIL TOU (tchwippss).. Sof ke map defann peyi m nan fason mwen kapab san vyolans sou tout fòm.

Gen anpil jèn ki vle, ki gen devouman pou yo fè yon bagay pozitif pou peyi a e pou tèt yo tou men sityasyon nan pa pèmèt yo fè sa.

Banm di nou, mwen fini etid inivèsite m nan domèn admistratif an 2019, donk mwen gen 4 ans depi m fini, yon sèl fwa mwen konnen mwen te oze depoze yon CV, mfin pase interview, msonjem te nan 3e ane lè sa mtal mande staj yo te klè ak mwen yo dim akoz mpoko fini yo bezwen yon moun ki temine men mwen te gentan gen potansyalite pou travay.Mwen pap janm di yon moun pa depoze cv w dayeur rekritè a se nan cv a lap gen premye ide de ou elatrye.

Nan ka pam se te diferan, yonn nan atou mwen te gen se mwen te bat poum te gen yon bon nivo nan infotik birotik (Word,Excel,PowerPoint, Dizay elatrye), avek sa yo chak kotem pase mwen kite anprent mwen se konsa mwen komanse ap anchene kontra an kontra e kontak an kontak, em toujou ap fome tèt mwen sou YouTube ak lot sit ki bay kou gratis yo.

2020 nan moman Korona mwen lansem sou rezo yo nan fè video, aktis devlopman pèsonèl..

Mi 2020-2021, mwen vin ap kodone yon projè pou ASREIPH, bay fomasyon a 15 jèn andikape sou kouti, atizana ak penti.

Mi 2021, mwen te responsab kredi, e ajan teren nan yon projè RANIPH tap fè.

Menm 2021 an mwen te ekri premye liv mwen BYEN DEBITE NAN SAL DJIM. Yon liv ki dekri tout saw dwe konnen, fè lè w pral nan yon sal espò OKAPFITNESSOFFICIAL.

2022 mwen kite Ayiti, fen desanm mwen antre vin nan yon aktivite ki ap toujou yon obligasyon poum la kise JENÈS ANGAJE, ki la pou ede jèn fè rezotaj e jwenn motivasyon oprè de lot jèn.

Anpil fwa se saw genyen ki pou mete ou nan 1 epi pou travay pou ogmante nivo sa jiskaskew rive nan 10, mwen mpoko nan 10 men map goumen toujou.

Mvle diw, TOUJOU APRANN sitou (infomatik, anglè, metye manyel yo) defwa se yo ki ka metew nan 1. Mete BONDJE DEVAN, METE TET APRÈ, KWÈ NAN TÈT OU, NAN POTANSYALITE W EPI TOUT BAGAY AP VINI JAN L DWE VINI AN PA NEGLIJE SOTI NAN ZÒN DE KONFÒ KEW YE A, OZE FÈ SAK POZITIF KI NAN TÈT OU A. Pa kite sityasyon peyi a fòw viv vi kew pa swete a.

Laisser un commentaire

Créez un site Web ou un blog gratuitement sur WordPress.com.

Retour en haut ↑

Concevoir un site comme celui-ci avec WordPress.com
Commencer