
Antanke antreprenè, antanke yon moun ki vle endepandan finansyèman e ki ap kreye biznis, PME, ki ap dirije yon minimòm de moun dwe konnen 10 kle sa yo.
10 kle pou reyisi selon Jean Philippe Tixier, yon antreprene nan mond antreprenaria nan peyi lafrans, ki ap ede nou konprann, e arive atenn objektif ke nou fikse yo.
10 Kle ke nou gen pou nou wè ansanm yo :
1.- Ki kote ou prale ?
2.- kijan ou konte ale ?
3.- Ki tip de klyan ou vle konkeri ?
4.- kijan pou atire e fè klyan w ret fidèl ak ou ?
5.- Eske oubyen itilize telefòn ki nan men w lan ?
6.- Eske òf ak devi w yo debouche sou komand ?
7.- Eske ou ka defann pri pwodwi w yo ?
8.- Moun kap kolabore ak ou yo eske ou byen viv ak yo ?
9.- Aprè travay la, ki sa ou fè ?
10.- Ki imaj ou vann, kijan yo wè w (Klyan yo) ?
Nomalman 10 kle sa yo sanble ak moun ki, komanse deja e ki vle amelyore biznis yo yon fason ou yon lòt.
Avan 10 kle yo, kite m pataje 3 aktis ki ap ede nou gen yon ide de 10 kle yo ke mwen pral pataje ak nou yo.
Pou m byen di nou 3 aktis sa yo regroupe 3 a 4 pwen nan 10 kle yo.
1.- Infòmasyon : Fok ou defini klèman kote ou vle ale, misyon ou elatrye Avèk moun kap travay(kolaboratè yo) avek ou yo. Nap wè sa kle 1-2-3.
2.- Fòmasyon : Fok yo konnen kijan biznis lan fonksyone, kijan pou yo kominike ak patron, kolèg ki anndan biznis lan epi Fok moun kap travay ak ou yo (kolaboratè) konnen ke se pou klyan yap travay, yo sipoze trete klyan an byen. Nap wè sa nan 4-5-6.
3.- Delegasyon : An premye tan ou sipoze delege konfyans ou ak koleg ou yo (kolaboratè yo). Pandan ke wap projte sa, wap delege konfyans ou bay kolaboratè ou yo, wap jwenn li an retou e ki ap ede biznis lan genyen yon santiman de sekirite, de konfyans e dapatenans e ki ap atire plis klyan vin pran sèvis paske klyan renmen kote yap santi ke yo an sekirite, yo jwenn apresyasyon ak lanmou. Nap wè sa nan 7-8-9-10.
Nou pap pale anpil ann komanse..
Pwochen pòs : 1.- Ki kote ou prale ?
Redaktè : Clauvenson Jean-Baptiste / Liv : Jean-Phillipe Tixier, Rezime.
Laisser un commentaire