𝟭𝟬 𝗸𝗹𝗲 𝗽𝗼𝘂 𝗿𝗲𝘆𝗶𝘀𝗶

𝗞𝗹𝗲 𝟭

Nan premye kle sa nou pral wè ki sa ke w dwe fè pou reyisi. Jan ke m te di w nan entrodiksyon an ou sipoze detaye objektif ou a pwen pa pwen, se menm bagay ke nou pral fè la ak tout 10 kle nou gen pou nou kapab wè ansanm yo.

1.- 𝗗𝗮𝗯𝗼̀, 𝗸𝗶 𝗸𝗼𝘁𝗲 𝗼𝘂 𝘃𝗹𝗲 𝗮𝗹𝗲 ?

Konnen kotew prale se kreye yon liy direksyon ki oryante yon chwa, yon rezònman ak envestisman yo.

Konn ki kotew prale se mezire eka ki genyen ant objektif yo ak avansman ke wap fè chak jou nan lavi a.

2.- 𝗞𝗶 𝗷𝗮𝗻 𝗽𝗼𝘂 𝗳𝗲̀ 𝘀𝗮 ?

A.- Komanse pa konnen tèt ou.

⁃ Pwen fèb ak pwen fòw

⁃ Kapasite w pou travay sèl ou an ekip

⁃ Atitid ou fas a efò w, sante fizik ou

B.- Detèmine objektif pèsonèl ou

⁃ Kisa ou vle reyisi ?

⁃ Kisa ki motive w nan lavi ?

⁃ Kisa yo panse de ou ?

⁃ Eske anviwònman w ka anpeche w atenn objektif ou ?

C.- Fikse kèk objektif a lekri

⁃ Ki kote w vle ye nan 1-2-3 zan ?

⁃ Kisa w vle ye diran ane sa yo ?

Pwochen pòs : Kle 2

Votre commentaire

Propulsé par WordPress.com.

Retour en haut ↑

Créez votre propre site Web, gratuitement sur WordPress.com.Créez votre propre site Web.
Commencer gratuitement