Angajman








Nou toujou mete nan tèt nou ke jèn paka realize anyen se sak fè nou pa bay yo chans yo.
Men konnen ke jèn yo reprezante plis ke la watye nan popilasyon Ayisyèn nan. Anpil nan nou gen talan ak jèfrin pou nou realize yon bagay pou peyi nou, helas.
Nou Jèn Ayisyen, Ayisyèn ki ap viv Ayiti yo, sila ki pa kite parese, kouran gang, ak lot bagay negatif akapare nou, nou deside, nou oze fè malgre sitiyasyon peyi a, nou ap goumen pou nou pote yon ale mye ak sa nou kapab.
Nan jou kite 30 Dec lan, nou te deside òganize yon aktivite de devlopman pèsonèl, de detant, kote nou te arive pataje anpil bagay Tankou
- Evalye ane 2020 (Sak te bon, sak pat bon elatrye.)
- Fè yon aproch pozitif de nouvo ane a.
- Kreye yon rezo
- Pataje swè pozitif pou ane a…
- Gade yon sinema motivasyon, degiste ansanm…
- Elatrye…
Se te yon moman ke ekip la ak lot benefisyè yo pap janm blye, e ke yap medite sou chak bagay ki te pataje nan jou sa.
- Toujou mete w ak moun pozitif, ki gen objektif.
- Metew ak moun ki pap mennen w nan plezi chak jou.
- Metew ak moun ki ap motive w, kwè nan ou, sipote w menm si bagay yo pa fasil men ki toujou prè a vini pou sekouri w.
Depiw konn saw vle, ou met Bondje devan, ou focus sou sa kew vle a, ou detayel pwen pa pwen, ou egzekite chak pwen yonn aprè lòt wap reiyisi.
Bèl inisyativ !
J’aimeAimé par 1 personne
Mèsi
J’aimeAimé par 1 personne