𝗞đ—čđ—Č 𝟼 : 𝗘𝗩𝗞𝗘 đ—Ș 𝗞𝗱𝗡𝗡𝗘𝗡 𝗞𝗱𝗠𝗔𝗡 𝗣𝗱𝗹 𝗔𝗟𝗘 ?

Mwen kapab di ki Estrateji ou pral aplike ..

Avan mwen di w koman, ann defini mo sa : 𝗘𝘀𝘁𝗿𝗼𝘁đ—Čđ—·đ—¶

𝗘𝘀𝘁𝗿𝗼𝘁đ—Čđ—·đ—¶ : se fason, mwayen ou pwal konbine fĂČs ou nan yon delĂš pou atenn objektif ke w vize a.

Mwen ap toujou di w ke tout saw gen pou fÚ sitou si se yon projÚ, yon objektif ke ou vle realize, OU DWE EKRI CHAK PWEN SWA SOU APARÈY ELEKTRONIK OU, OU SOU PAPYE, si non ou pap gen kontrol sou anyen.

1.- CWAZI FASON POU FÈ A FÒ W

A.- Ekri abitid profesyonĂšl ou an twa kategori : Abitid-Avantaj-Enkonvenyan

B.- Fok ou sensĂš e objektif ak tĂšt ou : Siw dwe sanksyone tĂšt ou pou yon bagay ou fĂš ki mal pa ezite paske se konsa ke ou kapab amelyore.

2.- PA EZITE MANDE ZANMI W AVI YO

A.- Mande zanmi ak fanmiy w ki fidĂšl, sensĂš ak ou pou yo pote koreksyon e sijesyon pa yo, men sa pa vle di sa yo diw la se li kap bon.. Non

B.- Pran konsyans de sa ke yo diw yo e pran pwen yo di w ou wĂš ki parĂšt jidisye devan je w la.

A.- Pa pran tan pou efase tout abitid ki pap pote fwi pou ou nan avni ou. Sa ap sanble difisil, jis paske gen abitid ki tankou se enplante yo te enplante l telman ou fĂšl kotidyĂšnman.

3.- SIPRIME TOUT SA KI NÉGATIF YO

A.- Pa pran tan pou efase tout abitid ki pap pote fwi pou ou nan avni ou. Sa ap sanble difisil, jis paske gen abitid ki tankou se enplante yo te enplante l telman ou fĂšl kotidyĂšnman.

B.- Outiy ki pi efikas pou echwe a se low refize mete tĂšt ou an kesyon, paske ou rete nan yon sĂšl routin (estrateji)

Laisser un commentaire

Créez un site Web ou un blog gratuitement sur WordPress.com.

Retour en haut ↑

Concevoir un site comme celui-ci avec WordPress.com
Commencer