𝗞𝗹𝗲 𝟯 :

𝗞𝗜 𝗞𝗟𝗜𝗬𝗔𝗡𝗧𝗘̀𝗟 𝗢𝗨 𝗩𝗜𝗭𝗘 ?

Nan kle sa ou sipoze konnen KIYES ou vle satisfè e KOMAN ou pral fè sa pou atire yo.

𝟭’) 𝗞𝗜𝗬𝗘̀𝗦 ? :

⁃ Avan nou ale pi lyen, verifye ke ou gen kapasite pou dyaloge avèk moun ke ou konte satisfè yo a e ke wap privilejye yo.

⁃ Kesyon ou dwe poze pou konnen ki nivo, ki kategori de klyan ke wap vize ? Ou prefere travay pou kliyan ouvrye, biznisman, ekolye, etidyan elatrye ?

⁃ Yonn nan bagay mvle pou konnen, reyisi jodya souvan repoze sou spesyalizasyon, sou yon segman presi ke mache a mande lè ou vle vann pwofwi ke w genyen an.

𝗔’) 𝗞𝗢𝗡𝗕𝗬𝗘𝗡

⁃ Sa pap itil anyen pou lanse w nan yon avanti si ou dekouvri ke mache w la se yon liy dwat ke li ye, ke konkirans lan trè mouvmante e byen striktire pa egzanm imajine w nan yon zòn gen 11 000 moun kap viv ladan l epi gen 10 restoran, mpa kwè yon 11èm ap ka enstale l ankò. Sof si ou deside jwe sou pozisyònman oubyen ou pa bat pou resanble ak konkirans yo e wal chèche klyen nan lòt zòn.

𝟮’) 𝗞𝗢𝗠𝗔𝗡 ? :

𝗔’) 𝗥𝗘𝗙𝗟𝗘𝗖𝗛𝗜 : Eske si se te yon lot moun eske ou tap yonn nan klyan li ye, yonn nan moun ke l vize yo ?

⁃ Toujou enfome de fason ke moun yo achte, motivasyon yo, ki premye bagay ki enterese yo : KALITE, PRI, DETAY OUBYEN PROFESYONALIS OU.

𝗕’) 𝗖𝗛𝗜𝗙𝗥𝗘 𝗧𝗔𝗬 𝗠𝗔𝗖𝗛𝗘 𝗞𝗘 𝗢𝗨 𝗩𝗟𝗘 𝗔 : Avèk done ke wap jwenn nan ankèt ke wap realize sou teren an gen 2 aks ke w dwe pran an konsiderasyon :

⁃ Evolisyon popilasyon an : konbyen moun kap viv, konbyen moun kap anfante, konbyen tan moun yo pran pou yo bati yon kay, kijan popilasyon an ap ye nan 3-4 an ?

⁃ Evolisyon konkirans yo : konbyen konkirans ki sou teren an, ki tay konkiran yo (PME ou GE), ki distans yo parapo a ou menm, ki nivo degre menas yo reprezante pou ou ?

𝗖’) 𝗞𝗥𝗘𝗬𝗘 𝗞𝗢𝗡𝗧𝗔𝗞 𝗔𝗞 𝗠𝗢𝗨𝗡 𝗢𝗨 𝗩𝗜𝗭𝗘 𝗬𝗢 : Mete w ak sib ou yo, pale ak yo, fonn ou nan mas la. Epi pa blye pale ak kolaboratè w yo, zanmi, fanmiy ou pou yo ede w nan prosesis la.

Votre commentaire

Propulsé par WordPress.com.

Retour en haut ↑

Créez votre propre site Web, gratuitement sur WordPress.com.Créez votre propre site Web.
Commencer gratuitement