Kanaval

Si mwen ap tante defini kanaval mwen ap di se yon aktivite ki fèt pou montre kilti ke yon peyi genyen swa atravè mizik, abiman, pwodwi lokal.

Pou fè kanaval gen anpil mizanplas ki pou fèt, swa nan lojistik, sekirite, limyè, sekouris ak lot detay ankò.

Kanaval gen anpil avantaj ke enkonvenyan pou yon peyi. Yonn nan pi gwo avantaj li ede ekonomi peyi a pran yon ekstansyon akoz de touris lokal e entènasyonal kap vin asiste.

Si nou ap gade kontèks peyi nou sou, wi kanaval ka toujou fèt paske li ede machann dlo, sirèt, ak lot machann yo ke mwen pa site yo. Men èske se sèlman sa ??

Non, Non e Non… Nan 7-10 denyè ane ke nou sot pase yo, ensekirite, Mizè, Pa gen sante, paka manje elatrye e menm kanaval konn pa arive fèt paske kondisyon yo pa reyini.

Janm sot di li a, pou yon kanaval ka ede yon peyi nan ekonomi l fòk kondisyon yo reyini pou touris ka rantre vin asiste. Nou ap depanse milyon pou kanaval pandan ke nou ap plenyen pou ensekirite a, manje, ak lasante. Antouka..

Mpa kont KANAVAL, men jan peyi a ye la franshman sa pa fè sans. Pandan nap plenyen nou paka manje, ensekirite, sante epi nou al gouye tankou problèm nou yo rezoud.

Si nou te entelijan, si nou te konsyan de mizè nou vre, si nou te gen wont, mwen panse nou te ka itilize opòtinite ke kanaval bay nou pou nou ki se vizibilite.

Fè resanti fristrasyon nou, sa nou ap viv, menm pandan nou ap gouye a voye mesaj dirèk bay dirijan oubyen popilasyon an ki ap tande e gade nou yo. Itilize pankad yo, mete mesaj sosyal, priz de konsyans yo elatrye.

Konsa mwen ta va wè ke nou ap fè yon bagay ki itil atravè kanaval nan moman trajik ke nap pase yo la.

Ann pran konsyans de sa ki prioritè pou nou, pou peyi nou konsa na va gen yon demen miyò.

Kredi foto : SAKAPFETOKAP

#mofek #konsyans #Haïti #ayiticheri #jenesangaje

Laisser un commentaire

Créez un site Web ou un blog gratuitement sur WordPress.com.

Retour en haut ↑

Concevoir un site comme celui-ci avec WordPress.com
Commencer