Teknik Miskilè

OkapFitnessOfficial (Instagram & Facebook)

Teknik miskilè a se fason pou antrene, fason pou jere repo, kantite repetisyon ak kantite seri pou ou fè nan yon egzèsis miskilè.

Pou yon moun kap fè power lifter, bodybuilder, fitness, Adirans (Moun olenmpik yo) antrèdman yo ap toujou diferan parapo a yon lot.

Pou yon PowerLifter ki se yon moun kap travay pwa lou yo, li antrèdman li ap plis baze sou plis chaj e mwens repetisyon. Pa egzanm si lap leve yon chaj ki peze 550Kg li ap fè 1-5 repetisyon epi lap pran plis tan pou repoze tou.

Pou yon Bodybuilder ak fitnes, se kontrè a, sa vle di antrèdman li ap baze sou plis repetisyon epi mwens chaj. Pa egzanm si la leve yon chaj ki peze 50-60-70 kg lap fè plis repetisyon.

Pou yon moun kap travay andirans li pa se avèk pwa ko a lap sèvi, se plis mouvman kadyo vaskilè yo ke li pral egzèse.

Pou fini, li toujou konseye pou konnen ki sa ke ou vle fè lè wap antrene pou pa nan fose, pèdi tan ak enèji pou granmesi.

#formation #jeresantefizikou #okapfitnessofficial

Laisser un commentaire

Créez un site Web ou un blog gratuitement sur WordPress.com.

Retour en haut ↑

Concevoir un site comme celui-ci avec WordPress.com
Commencer