
∙ 𝗞𝗜𝗦𝗔 𝗠𝗢𝗗 𝗦𝗢𝗡𝗕 𝗟𝗔𝗡 𝗬𝗘 ??
Mòd sonb lan se yon chwa de koulè oubyen tèm ke ou aplike sou ikòn, tèks ak entèfas gadjèt elektronik yo ki afiche sou yon fon nwa sou yon sit oubyen yon sistèm eksplwatasyon. Pou m senplifye, se tout aksyon ke ou fè pou baskile de yon fon blan a yon fon sonb ou kareman nwa.
∙ 𝗔 𝗞𝗜𝗦𝗔 𝗠𝗢𝗗 𝗦𝗔 𝗦𝗘̀𝗩𝗜 ?
Selon yon etid ki te fèt oprè entènot yo(moun kap itilize entènèt),gen 78% moun qui prefere itilize mod sa pou fè lekti sitou lannwit.
Men tou li pèmèt ou ekonomize plis enèji pou batri aparèy elektronik ou yo.
∙ 𝗘̀𝗦𝗞𝗘 𝗟𝗜 𝗗𝗜𝗦𝗣𝗢𝗡𝗜𝗕 𝗣𝗢𝗨 𝗧𝗢𝗨𝗧 𝗔𝗣𝗔𝗥𝗘̀𝗬 ?
Wi, andwoyid, IOS e sit entènèt. Sifi ke ou ale nan reglaj telefòn ou pou ka aktive l.
∙ 𝗞𝗜 𝗘𝗙𝗘̀ 𝗟𝗜 𝗚𝗘𝗡 𝗦𝗢𝗨 𝗦𝗔𝗡𝗧𝗘 𝗡𝗢𝗨 ??
Defason dirèk li pa gen okenn efè sou sante nou, sou zye nou, men daprè chèchè yo, li preferab ke ou itilize mòd nòmal la lajounen pou kapab pi byen wè akoz reyon ble optik yo ki pi kaptivan pou zye nou epi lannwit ou kapab aktive l pou evite twop reyon frape sou zye nou.
Aprè tou se yon kesyon de chwa.
Ki mòd w ap itilize sou telefòn ou ? Laptop ou ? Sit entènèt yo ?
#mofek #modesombre #tech
Votre commentaire