
Jan w ap gade nan foto sa, gen twa kamera, yon telefòn, yon laptop, paske se sou yo m vle ou pote atansyon, (lot detay yo pa two enpotan pou pòs si la)..
Kamera yo, telefòn nan ak laptòp la yo fè pati de kèlke gadjèt teknolojik yo. E se ak yo ou ka ap li pòs sa e kite yon like pou nou tou (Mèsi) tout sa arive fèt gras avèk yon koneksyon entènèt.
• 𝗗𝗲𝗳𝗶𝗻𝗶𝘀𝘆𝗼𝗻 𝗧𝗲𝗸𝗻𝗼𝗹𝗼𝗷𝗶 :
Teknoloji se yon ansanm de konesans ak mwayen ki òganize pou efektye yon tach.
• 𝗜𝗻𝗽𝗼̀𝘁𝗮𝗻𝘀 𝗧𝗲𝗸𝗻𝗼𝗹𝗼𝗷𝗶 :
Pami enpòtans ke nou kapab site yo, genyen 2 n ap ret fokis sou yo paske yo anpil..
⁃ Li pèmèt kominikasyon yo efikas, san w pa oblije deplase.
⁃ Li pèmèt ou kapab achte e vann.
• 𝗪𝗼̀𝗹 𝗧𝗲𝗸𝗻𝗼𝗹𝗼𝗷𝗶 :
Selon bezwen pèsonèl ou gen posibilite pou fè plizyè aktivite..
⁃ Fasilite kominikasyon yo ant ou menm ak lot moun.
⁃ Pataje bon enfomasyon ki itil sou aktivite sosyal, kiltirèl, ekonomik elatrye.
⁃ Amelyore sèvis ki egzistan deja
⁃ Kreye yon bagay nouvo.
• 𝟰 𝗚𝗿𝗮𝗻 𝗧𝗲𝗸𝗻𝗼𝗹𝗼𝗷𝗶 :
⁃ Big Data
Se done ki angrand kantite ki kapab itilize pou bay infomasyon. Kèk antrepriz nou ka jwenn ki itilize big data, se Google, EBAY, Facebook, et Linkedin.
⁃ Konektivite
Se lyezon ki genyen ant yon eleman a yon lot. Yo plis itilize tèm sa nan domèn enfomatik.
Li ede w analize yon kantite de done pou ka fè fas ak yon sitiyasyon.
Li amelyore kondisyon vi w e pote yon konfò.
⁃ Sibèsekirite
Se ansanm mwayen ki pèmèt ou pwoteje e asire entegrite done nimerik ou, sansib ou pa.
⁃ Entelijans atifisyèl
Se sa nou rele (AI) a, se yon mizannèv de yon kantite teknik ki pèmèt aparèy yo kapab imite yon entelijans reyèl tankou mwen ak ou.
Votre commentaire