Ane 2023 sa se petĂšt ane mwen te pi kreyatif e se ane tou mwen pran plis echĂšk nan pran move desizyon..
An pasan non pa m se Clauvenson Jean Baptiste, mwen se KAPWA, mwen se yo administratĂš, avantirye, kreyatĂš kontni, videyas, mwen gen nosyon nan maketin digital, grafis, e mwen se yon monitĂš espĂČtif. PĂštĂšt m ka pi gran pase w, oubyen mwen pi piti pase w.

Breff ann kontinye
Malgre tout vye desizyon ke m te ka pran men banm fon rezime ane a pou ou e a la fen wa tire yon leson.Â
Mwen sonje mwen antre ayiti nan mwa Mas 2023 nan menm ane sa la ak lide mwen pwal vin prepare m pou mwen ka benefisye yon bous detid nan domĂšn teknoloji analitik malerezman sa pa te mache. Sete premye echĂšk mwen pou ane a, e se la tout bagay pwal vin chanje paske se de sa li ide premye pwojĂš pou ane 2023 pral vini..Â
Premye pwojĂš a sete FĂMASYON sou LE NUMERIQUE, ki se yon seri de fĂČmasyon sou FOTOGRAFI, DIZAY, KREYASYON KONTNI AK MAKETIN DIJITAL pandan yon mwa.

Byen ke mwen satisfĂš a 50%.Â
Sak fĂšl pa a 100%
1.- Mwen te presipite
2.- Antouraj la pat fin otop
3.- Patisipan yo pa egzĂšse
Nan menm moman FĂČmasyon sa, mwen ap pran yon seri de fĂČmasyon avĂšk AAD, kote mwen di sim te pran fomasyon sa yo pi bonĂš mwen tap arive satisfĂš menm a 80-90% nan fĂČmasyon nimerik la nan.

Delaetan mwen anchene aktivite sou aktivite, PYE POUDRE, aktivite sosyal, ajan teren, mwen reprann fĂČm fizik mwen te vle genyen an, elatrye.



Depi kĂšk tan mwen nan kreyasyon kontni, yon domĂšn ki vas anpil kote ou ka kreye kontni ak nenpot sa w gen nan men w, nan nenpĂČt domĂšn ke ou ye a tou.. Se sak vin fĂš ke mwen te vin kreye 3 bĂšl pwojĂš pou fen ane a ki make m e ke mwen ap prezan nou nan yon video.
Avan mwen pale de pwojĂš sa yo banm fon ti istwa pou nou.. LĂšm tap fenk komanse nan shoute video, mwen te komanse ak yon Samsung j3, san limyĂš, sa oken sipĂČ a pa de yon ti tab ak de twa liv pou sipĂČte telefĂČn nan pou li pa tonbe.
- Video Samsung j3
https://web.facebook.com/motivfek/videos/762900770905092/
- Pase de video sa
- Tonbe nan video sa
- Jiskaske mwen rive nan video sa yo
- Kounya banm prezante nou 3 pwojĂš yo
1.- Se yon video Konferans ke mwen shoute pou Osil Lawens PDG Le Picolet Casave, materiĂšl kem itilize se iphone 11, yon limyĂš TikTok se konsam rele yo, yon mikro kravat epi boum me rezilta malerezman video a poko disponib sou rezo yo.
2.- Se yon video prezantasyon de yon show ki rele GAYITA SHOW prezante par Genny-flore Etienne. Mka di nou se yon video kem travay mfĂš yon nwit antye mwen pa domi poum ap tcheke aplikasyon poum retire bri nan video a, bay koulĂš elatrye..
(PS: Pandan ou sou chanĂšl YouTube sa, gen 2 lot video ankĂČ kote se mwen ki fĂš yo ak yon kamera CANON pandan ane 2024 sa la menm.. Gade yo epi pote sijesyon..)
3.- Se yon video kem shoute ak kamera CANON, se premye experience mwen e tou se video ki banm bon ti prob nan konprese, e nan travay paske volim itĂšm peze pasem.. E laptop mwen gen nan menm te two piti, moblije al prete yon lot, poum enstale lojisyel, ranje x,y e laptop pa kenbe chaj e se nan kouran poun plogel em pa gen kouran e jou ap avanse poum remĂšt video, donk moblije transfere tout itĂšm yo sou IPHONE nan pou m travay tout jounen tout lannuit poum jere sa..
Ou konnen m p ap kite w ale san ke m pa bay ou kĂšk leson mwen tire de sa mwen viv yo :Â
1.- Menm siw wĂš yon pĂČt fĂšmen, gen plis ki pral louvri
2.- Saw ka fĂš a, amelyore w ladanl plis, fĂš rechĂšche, pran fĂČmasyon nan domĂšn sa, travay.Â
3.- Pa pĂš montre saw ka fĂš, travay ou, talan ou.Â
4.- Travay ak saw genyen nan menw ki disponib a ou.
5.- Met tout nanm ou, kĂšrow, nan saw ap fĂš a.Â
6.- Viv de pasyon ou.Â
7.- Pa pĂš kritik, pa pĂš mande konsĂšy e saw ta va bezwen egzat.Â
E dĂšnyĂš bagay la m ta sipoze metel avan ki se PA PĂ KOMANSE se la tout avantaj yo ki pral vini pidevan yo chita.
MALE N AP WĂ NAN YON PWOCHEN ATIK.
– Pa blye pase vizite m sou rezo sa yo :Â
FB : https://www.facebook.com/motivfek?mibextid=D4KYlr
IG : https://instagram.com/motivfek?igshid=MjEwN2IyYWYwYw==
YouTube : https://www.youtube.com/@mofek
TikTok : https://www.tiktok.com/@motivfek?_t=8eIfzvnWr26&_r=1
Thread : https://www.threads.net/@motivfek
FB : https://www.facebook.com/share/kG6h8YSMqt1ur2X3/?mibextid=%22%22
IG : https://www.instagram.com/clauvenson.jb?igsh=N3hmZm1xYzAzZXdy&utm_source=qr
@Clauvenson Jean Bpatiste (MOFEK)
Laisser un commentaire