Wi, pi fò nan nou kap itilize telefòn andwoyid yo toujou konfwonte a pwoblèm sa sitou si espas telefòn nou pa depase plis ke 64 Gb. Sa vin fè ke ou toujou ap nan efase video, foto ak lot dokiman oubyen aplikasyon.
Avèk teknoloji ki ap devlope chak jou, defwa nou konn estoke dokiman enpòtan nou yo sou Google Drive men devwa ki pa sifi oubyen nou ka pa konnen kijan pou nou fè.
Se nan optik sa nou pote aktis sa pou ou.. Men, avan nou ba w yo, nou konseye w dezenstale aplikasyon ke w pa itilize sou telefòn nan, malgre pwoblèm nan konn pa soti ladan l.
Ann wè 6 etap sa yo..
1.- Ale nan paramèt telefòn ou an
Paramèt
2.- Antre nan onglè aplikasyon
Onglè aplikasyon
3.- Antre nan onglè navigatè ou plis itilize a pa egzanp (Chrome)
Navigatè chrome
4.- Antre nan onglè estokaj
Onglè estokaj
5.- Klike sou jere estokaj
Jere Estokaj
6.- Klike sou siprime done yo
Siprime done yo
Si pwoblèm kontinye malgre ou fè tout etap sa yo, konnen ou vrèman pa gen espas e ke ou merite gen yon telefòn ki gen yon pi gwo kapasite.
Ps : Tout tranzaksyon ke w fè sou yon naviganè toujou estoke kelke pa, e tout se done ki itilize espas ke w genyen sou telefòn ou an, donk toujou verifye etap sa yo pou yon pi bon itilizasyon de telefòn ki nan men w lan.