
Kijan n ka ede timoun yo devlope estim pou tèt yo ??
Estime de soi:
Diksyonè lawous sikoloji a defini li ,tankou yon atitid plizoumwen favorab pou pwòp tèt ou. Se pou li fason ou konsidere tèt ou bay respè Epi rekonèt valè ou nan nenpòt domèn nan lavi ou.
Yon timoun ki rive devlope estim pou tèt li ap gen yon jan ki ye ,ap gen atitid inik ki Pou temwanye inisite li kòm moun.
Germain Duclos yon siko -edikatè Epi òtopedagòg fè konnen lè nou ede timoun yo devlope estim pou tèt yo ,nou mennen yo pou yo kwè nan yo ,gen asirans nan yo ,adapte yo ak gwo difikilte kotidyen. Kapab viv ak espwa epi asirans nan fiti yo. Se ta pou li youn nan pi gwo eritaj edikatif paran yo ka kite pou timoun yo.
Estim pou tèt ou :
Se rekonèt ou gen valè, ou inik, konnen fòs, feblès ak limit ou.
Kijan estim pou tèt ou konstwi :
Se yon pwosesis ki kòmanse depi nan nesans jis rive nan granmoun Bolby eseye montre sa nan teyori atachman li elabore ki montre kijan atachman menm jan ak bezwen tankou: manje, repo, dòmi gen enpòtans pou timoun yo, se pou li depi la timoun yo koumanse konstwi estim yo.
Sosyològ Cooley nan bò pa li fè konnen se yon konstriksyon sosyal se nan entè aksyon moun lan ak anviwònman imedya li estim pou tèt yon moun rive konstwi.
Enpòtans yon bon estim Kay timoun yo :
Ede yo:
– Gen kouraj pou yo vin yo menm
- kwè nan valè pwòp yo
- Entè aji nan fason sen ak antouraj yo
- Kwè yo kapab
- Jere estrès Ak difikilte kotidyen yo
- Pran bon desizyon malgre gwo presyon antouraj yo gen sou yo
Kijan n ka ede yo devlope estim pou tèt yo??
– montre nou renmen yo
- aksepte yo jan yo ye
- Pase tan ak yo
- Ba yo lanmou ak afeksyon
- Fè yo konpliman
- Ede yo aprann de erè yo
- Bay bon egzanp
- Mete yo an konfyans ak an sekirite
Pou ale pi lwen
Naître et grandir, http://naitreetgrandir.com/fr/dossier/estime-de-soi-au-fil-des- jours/fiche.aspx doc=introduction-estime-de-soi-au-fil-des-jours, juin 2013.
Ou kapab gade video ki pale sou sa sou lyen sa
Rechèch e ekri pa : Sikopedagòg Rose Cadelle Benjamin
Laisser un commentaire