Diskalkili

Dyscalculie (diskalkili)

Matematik se youn nan matyè ki esansyèl nan yon sitèm eskolè ,se yon matyè ki valorize anpil. Etap yon konplèks nan lavi tout timoun se pou sa li mande tan pou yo rive adapte yo ak nosyon konplèks epi abstrè sa yo .

Sa pa anpeche malgre kantite tan ,gen timoun ki toujou rankontre gwo difikilte pou aprann matematik, sa ki ka vin tounen yon andikap pou aprantisaj Timoun lan.

Si nou remake malgre tout tan difikilte yo dire, li posib pou anfas yon timoun ki diskalkilik (dyscalculique)

Diskalkili se youn nan twoub aprantisaj yo se yon twoub espesifik nan matematik,se yon disfonksyònman nan nivo sèvo a ki afekte konpreyansyon timoun yo nan aprantisaj matematik sa ki vle di moun sa yo gen yon gwo difikilte pou aprann matematik .

Twoub sa pa geri gen amelyorasyon ki ka pote nan sentom yo si gen re edikasyon ak prizanchaj ki fèt nan lè.

Siy Osinon sentom

  • Difikilte pou aprann nosyon kantite
  • Memorize tab yo mal
  • difikilte pou li ak ekri gwo nonb
  • Difikilte pou li lè
  • Difikilte pou idantifye senbòl matematik yo
  • Difikilte pou repere nan espas
  • Itilize dwèt pou konte olye konte nan tèt yo
  • Pa konprann ekspresyon matematik yo

Rekòmandasyon

  • Itilize egzèsi vizyalizasyon ak eksplwatasyon ki konkrè
  • Itilize materyèl ki ka manipile ( vizite paj TikTok Edikajwèt la n ap jwenn video ki montre fè materyèl)
  • Itilize ekspresyon ki klè
  • Famlyarize yo ak lajan
  • Fè yo konte fwi
  • Fè yo ranje jwèt yo ak objè yo soti nan pi gran pou ale nan pi piti oubyen pi gran pou pi piti.
  • verifye i yo pa gen lòt twoub dys tankou: disleksi,dizòtografi ki mache ak yo
  • Wè espesyalis nan domèn lan.

Ou kapab gade video a ki pale sou sa nan lyen sa

Rechèch e ekri pa : Psikopedagòg Rose Cadelle Benjamin

Laisser un commentaire

Créez un site Web ou un blog gratuitement sur WordPress.com.

Retour en haut ↑

Concevoir un site comme celui-ci avec WordPress.com
Commencer