YON RESI REYÈL

Gen yon doulè silansye nan kè anpil paran. Yo mache chak jou ak chay lavi sou do yo, ak sèl espwa ke pitit yo p ap janm konnen mizè yo te viv. Chak maten, lè solèy poko leve, yo soti al fè travay ki kraze kò yo, ki fè yo santi yo fin kraze, men yo kenbe paske yo gen yon misyon. Yo vle asire ke pitit yo gen yon lavi miyò, yon lavi yo menm pa t ka genyen.

Gen swa kote yo rantre lakay ak men vid, men ak yon kè plen lanmou pou pitit yo. Yo ka pa manje, men yo fè tout sa yo kapab pou timoun yo ka gen yon plat manje. Yo pran tout doulè lavi a, tout fristrasyon, tout dezespwa, epi yo kache yo dèyè yon souri, pou pitit yo ka wè yo fò, malgre yo santi yo fèb.

Sakrifis yo pa gen limit. Yo kite rèv yo fann, yo abandone pwòp anbisyon yo, yo mete tout sou kote, tout, pou pitit yo. Yo fè yon priyè chak swa, an silans, pou ke lavi pitit yo ka pi klè, pi lejè malgre gen yon tristès ki ret nan fon kè yo paske yo konnen yo pap janm jwenn sa yo te bay, yo pap janm wè tout sakrifis yo rekonpanse.

Yo renmen pitit yo plis pase yo renmen tèt yo, e yo fè tout sakrifis sa yo san mande anyen an retou. Nan silans nwit lan, lè tout moun ap dòmi, yo plenyen ak lavi a, yo kriye an silans, paske yo ta swete gen plis pou bay, plis pou ofri. Lanmou yo enmezirab, kè yo lou ak tristès, paske yo konnen yo bay tout sa yo genyen, men sa pa janm ase.

Epi, yo kontinye avanse, kontinye batay, paske lanmou sa a, malgre tout doulè ki mache ak li, se sèl fòs ki pouse yo pou yo pa lage, pou yo kontinye sakrifye, jiskaske pa gen anyen ki rete.

Tit : YON RESI REYÈL 

Ekriven : Ashly SAINT-AMOUR 

Photograf : Clauvenson Jean-Baptiste

Lye : FoseKapwa (Limonade, Cap Haitien Haïti)

Laisser un commentaire

Propulsé par WordPress.com.

Retour en haut ↑

Concevoir un site comme celui-ci avec WordPress.com
Commencer